TiKod TiKod
Akèy Atik Glosè Kontak
🇭🇹 HT 🇫🇷 FR
← Atik
No.02 · Anviwonman · ● Entèmedyè · 5 min · 06 juin 2026

Kisa Linux ye ?

Nan atik sa a, ou pral dekouvri (oswa redekouvri) Linux, yon sistèm eksplwatasyon ki trè enpotan anpil nan mond enfòmatik la.

abstract3

Ou konn tande pale de Windows oswa macOS, men Linux se li ki deyè pifò sèvè, telefòn Android ak objè konekte sou planèt la san ke pèsonn pa rann yo kont de sa. Linux se yon sistèm eksplwatasyon ki fèt an 1991, kreye pa yon etidyan fenlandè ki rele Linus Torvalds. Objektif li : yon sistèm gratis, lib, e aksesib pou tout moun.

Men ak kisa entèfas Linux (Ubuntu) a sanble
Men ak kisa entèfas Linux (Ubuntu) a sanble

01 Kisa yon sistèm eksplwatasyon ye ?

Yon sistèm eksplwatasyon, se lojisyèl debaz ki fè òdinatè ou a travay. San li, anyen pa mache : ni aplikasyon ou yo, ni souri ou, ni ekran ou. Se li ki fè lyen ant materyèl la ak tout rès la. Si nou pran yon egzanp, se tankou yon restoran : sistèm eksplwatasyon an (ke nou rele OS pou Operating System) se jèran restoran an, epi aplikasyon yo se kizinyè yo.

Siw vle aprann plis sou sijè sa (1)
www.ibm.com
Siw vle aprann plis sou sijè sa (2)
fr.wikipedia.org

02 Kisa diferans ant Linux, Windows ak macOS ?

Linux Windows macOS
Pri Gratis Fok ou peye pou'w itilize'l Fok ou gen yon mac pouw itilze'l
Sekirite Trè sekirize Moyènman sekirize Sekirize
Pèsonalizatyon Ou ka itilize'l janw vle Gen limit Gen anpil limit
Sa yo fè avel Sèvè, devlopman Pou tout moun Pou tout moun
Kantite sèvè ki itilizel ~96% ~1% ~1%

03 Pa gen yon sèl "Linux"

Linux vini sou plizyè fòm : Ubuntu, Debian, Fedora, PopOS… Chak fòm gen kalite ak defo pa yo, men nwayo a rete menm. Si nou fè yon konparezon : Linux se resèt debaz la, epi distribisyon yo se varyant yo, yo chak gen diferans pa yo. Distribisyon sa yo egziste paske Linux lib, nenpòt moun ka pran nwayo debaz la (fondasyon oswa kè sistèm nan) epi bati pwòp sistèm pa yo alantou. Ubuntu (yon distribisyon) fèt pou li senp ak aksesib, Debian pou estabilite, Fedora pou genyen dènye nouvote yo. Si ou fenk ap met pye nan mond infòmatik la, Ubuntu se sa pi rekòmande a.

04 Poukisa li enpòtan pou yon enfòmatisyen gen yon ti baz nan Linux ?

Linux toupatou epi li gratis. Linux gen bon reputasyon pou estabilite ak sekirite li. Se pou sa prèske tout sèvè wèb nan mond lan mache sou Linux. Se yon bon chwa pou devlope, kit se pou bagay senp oswa konplike. Anplis, pifò lojisyèl ki sou Linux yo gratis. Ke ou vle fè devlopman wèb, cybersecurite, syans done oswa senpleman monte yon sèvè, ou pral kwaze Linux. Se pa yon opsyon, se yon reyalite nan metye a.

Bon nouvèl

Ou pa bezwen abandone Windows pou kòmanse. WSL (Windows Subsystem for Linux) pèmèt ou gen yon terminal Linux dirèkteman nan Windows, an kèk minit.

05 Filozofi dèyè Linux

Linux se open source : kòd sous li a piblik, nenpòt moun ka gade li epi modifye li. Se pa jis yon kesyon teknik, se yon filozofi. Lide ke konesans ak zouti yo dwe aksesib pou tout moun, pa fèmen dèyè lisans. Dè milye devlopè atravè mond lan kontribye nan Linux san yo pa peye pou sa, senpleman paske yo kwè nan lide pataj sa a. Se filozofi sa a ki fè Linux pi plis pase yon senp zouti, se yon mouvman.

Linux se pa pou eskpè sèlman. Avèk Linux, ou pa mete sou pye pwòp sit wèb ou, otomatize yon pwogramn aprann pwogramasyon nan yon anviwònman pwofesyonèl, et mem bay yon vye òdinatè ki te sou Windows yon nouvo souf. Ou pa bezwen konprann tout bagay jodi a, sa ki esansyèl se konnen li egziste, pa pè li ankò, epi konprann poukisa li enpotan nan mond enfòmatik la.

Kesyon yo poze souvan

F.A.Q. sou atik sa a

Pa nesesèman. Sa depann de distribisyon ou chwazi a. Ubuntu pa egzanp fèt pou li aksesib a tout moun. Entèfas la sanble ak sa ou konnen deja. Difikilte yo rive lè ou kòmanse itilize terminal la, men se yon bagay ou aprann ti kras pa ti kras.

Wi, gen de fason. Oswa ou enstale de sistèm sou PC ou a (dual boot), oswa ou itilize WSL anba Windows pou gen yon terminal Linux san ou pa chanje anyen nan sistèm ou. Pou kòmanse, WSL se solisyon ki pi senp la. Ou ka gade tou kijan pou fè yon dual boot sou Youtube. Nap gen pou nou fè pi devan yon gid sou kijan ou instale WSL sou yon PC Windows.

Pifò tan non ! Lojisyèl Windows yo pa fèt pou Linux. Men prèske toujou gen yon altènativ gratis ak open source. Pa egzanp : Microsoft Office / LibreOffice, Photoshop / GIMP. Pou jwèt yo, sitiyasyon an amelyore anpil ak zouti tankou Proton.

Non, se pa yon obligasyon. Men se yon avantaj serye. Pifò zouti devlopman, sèvè ak anviwonman pwofesyonèl yo mache sou Linux. Konnen li pral ban ou yon gwo avans.

Pwochen atik

</> web
No.01 WEB

Kijan intènet mache ?

Nan atik sa a, ou pral konprann sa ki pase vrèman lè ou tape yon adrès nan navigatè ou. De adrès IP a sèvè a, an pasan pa HTTP ak HTTPS. N ap demistifye entènèt la etap pa etap, san twòp teknik !

● Debitan 10 min