TiKod TiKod
Akèy Atik Glosè Kontak
🇭🇹 HT 🇫🇷 FR

Kreyòl Anglè

Adrès IP
IP Address

Seri chif ki idantifye yon aparèy konekte sou entènèt.

Baz relasyonèl
Relational database

Baz done ki òganize enfòmasyon yo an tab konekte youn ak lòt gras ak relasyon.

Chifraj
Encryption

Transfòmasyon done yo nan yon fòma ke pèsonn pa ka li san kle dechifraj lan.

Distribisyon
Distribution

Vèsyon pèsonalize Linux ki bati alantou menm nwayo debaz la (egz : Ubuntu, Debian, Fedora).

DNS
DNS

Domain Name System — sistèm ki tradui yon non domèn (tikod.fr) an adrès IP.

Dual boot
Dual boot

Konfigirasyon ki pèmèt ou gen de sistèm eksplwatasyon enstale sou menm òdinatè a.

Entènèt
Internet

Réseau mondial d'ordinateurs connectés entre eux physiquement via des câbles, la fibre optique et des satellites.

HTTP
HTTP

HyperText Transfer Protocol — pwotokòl ki defini règ kominikasyon ant yon navigatè ak yon sèvè wèb.

HTTPS
HTTPS

Vèsyon sekirize HTTP kote done yo chifre gras a pwotokòl TLS la.

Jwenti
Join

Operasyon SQL ki pèmèt konbine done ki soti nan plizyè tab ki konekte youn ak lòt.

Kle etranje
Foreign key

Kolòn ki fè referans a kle prensipal yon lòt tab, li fè yon relasyon ant de tab.

Kle prensipal
Primary key

Idantifyan inik yo bay chak liy nan yon tab, ki pèmèt jwenn li san konfizyon.

Langaj pwogramasyon
Programming language

Lang fòmèl ki pèmèt yon devlopè bay yon òdinatè enstriksyon presi.

Lojisyèl
Software

Pwogram enfòmatik ki fèt pou reyalize travay espesifik sou yon òdinatè.

Navigatè
Browser

Lojisyèl ki pèmèt ou jwenn aksè nan wèb la ki fè demann HTTP epi affiche paj yo resevwa.

Nwayo
Kernel

Kè sistèm eksplwatasyon an ki jere materyèl òdinatè a dirèkteman.

Open Sous
Open Source

Lojisyèl ki gen kòd sous li piblik, nenpòt moun ka gade li epi modifye li.

Otodidak
Self-taught

Moun ki aprann pou kont li, san pwofesè ni fòmasyon fòmèl, li itilize resous ki disponib gratis.

Sèvè
Server

Òdinatè ki bay sèvis oswa resous bay lòt machin yo atravè yon rezo.

Sistèm eksplwatasyon
Operating System

Lojisyèl debaz ki fè òdinatè a travay epi ki fè lyen ant materyèl la ak aplikasyon yo.

SQL
SQL

Structured Query Language — lang estanda pou kominike ak yon baz done relasyonèl.

Tab
Table

Estriktiri ki òganize done an kolòn ak liy, similè a yon fèy tablo.

Tèminal
Terminal

Entèfas an liy kòmand ki pèmèt ou entèaji ak sistèm nan pa mwayen tèks.

URL
URL

Uniform Resource Locator — adrès konplè yon resous sou wèb la (egz : https://tikod.fr/articles).

Varyab
Variable

Espas memwa ki gen yon non ki pèmèt estoke ak manipile yon valè nan yon pwogram.

Wèb
Web

Ansanm sit ak paj ki aksesib atravè entènèt, diferan de entènèt li menm.

WSL
WSL

Windows Subsystem for Linux, zouti ki entegre nan Windows ki pèmèt ou itilize yon tèminal Linux san ou pa kite Windows.