TiKod TiKod
Akèy Atik Glosè Kontak
🇭🇹 HT 🇫🇷 FR
← Atik
No.01 · Devlopman web · ● Debitan · 10 min · 09 juin 2026

Kijan intènet mache ?

Nan atik sa a, ou pral konprann sa ki pase vrèman lè ou tape yon adrès nan navigatè ou. De adrès IP a sèvè a, an pasan pa HTTP ak HTTPS. N ap demistifye entènèt la etap pa etap, san twòp teknik !

</> web

Chak jou ou louvri yon navigatè epi ou jwenn aksè a sit yo an kèk segonn, men kisa ki pase vrèman dèyè sa ? Entènèt la se yon enfrastrikti mondyal, men prensip debaz la senp pou konprann. Nan atik sa a n ap detaye tout sa, tout an kenbe bagay yo senp.

01 Kisa entènèt ye ?

Entènèt pa yon nwaj majik. Se yon rezo mondyal òdinatè ki konekte youn ak lòt fizikman : kab anba lanmè, fib optik, satelit. Chak aparèy konekte gen yon adrès inik yo rele adrès IP (egz : 192.168.1.1). Se gras a adrès sa yo ke done yo konnen kote pou yo ale.

Ti presizyon enpòtan

Entènèt ak wèb la se pa menm bagay. Entènèt se enfrastrikti a (wout yo), wèb la se sa nou fè sou li (sit yo, paj yo). Imèl, apèl WhatsApp, jwèt anliy yo itilize entènèt tou, men sa pa vle di se "wèb" yo ye.

Konparezon

Entènèt se rezo wout mondyal la. Done yo se koli, adrès IP yo se adrès kay yo. Wèb la se jis yon kalite livrezon pami lòt yo.

02 Kisa yon adrès IP ye ?

Chak aparèy konekte sou entènèt gen yon adrès IP, yon seri chif ki idantifye li yon fason inik sou rezo a. Tankou yon adrès postal, men pou òdinatè. Gen de fòma : IPv4 (egz : 192.168.1.1 — 4 blòk chif) ak IPv6 (egz : 2001:0db8:85a3::8a2e — pi long, yo kreye'l paske nou te manke adrès IPv4). Pifò sit yo gen toujou yon adrès IPv4, men IPv6 ap vin pi popilè chak jou.

Kijan pou konnen adrès IP ou ?

Ou ka wè pwòp adrès IP piblik ou an tape "mon IP" nan Google.

03 Kisa yon sèvè ye ?

Lè ou vizite tikod.fr, yon kote nan mond lan yon òdinatè ap tann demand ou epi li voye paj la ban ou. Òdinatè sa a se sèvè a. Diferans ant PC ou ak yon sèvè : sèvè a limen 24h/24, konekte an pèmanans, epi sèl wòl li se reponn demand yo.

Gen diferan kalite sèvè selon wòl yo : sèvè wèb (voye paj), sèvè baz done (estoke done), sèvè imèl (jere imèl). Nan pratik, yon sèl òdinatè ka jwe plizyè wòl an menm tan : se egzakteman sa sèvè ki lejè tikod.fr a fè. Yon sèvè se jis yon òdinatè. Pa gen maji, pa gen materyèl espesyal obligatwa, nenpòt PC ki limen an pèmanans ak bon lojisyèl la ka sèvi kòm sèvè.

04 Sa ki pase lè ou tape yon URL ?

Se kè atik la. Men sa ki pase an kèk milisegonn lè ou rive sou tikod.fr :

  1. Navigatè ou dekonpoze URL la : pwotokòl (https), domèn (tikod.fr), chemen (/articles)
  2. Li chèche adrès IP ki koresponn ak tikod.fr (se wòl DNS la — n ap tounen sou sa nan yon lòt atik)
  3. Li etabli yon koneksyon ak sèvè a nan adrès IP sa a
  4. Li voye yon demann HTTP : "ban mwen paj akèy la"
  5. Sèvè a resevwa demand lan, prepare repons lan (HTML, CSS, JS)
  6. Navigatè a resevwa repons lan epi li affiche paj la
Diferan etape pou Tikod parèt sou navigatè ou a
Diferan etape pou Tikod parèt sou navigatè ou a

Tout sa pran anjeneral mwens pase yon segonn. Se pou sa yon paj ki pran 3 segonn pou chaje sanble deja lan pou nou.

05 Kisa HTTP ak HTTPS ye ?

HTTP (HyperText Transfer Protocol) se lang ke navigatè ou ak sèvè a pale. Se yon ansanm règ ki defini kijan pou fòmile yon demand ak kijan pou reponn li. Yon demann HTTP se toujou : yon metòd + yon URL + enfòmasyon opsyonèl. De metòd ki pi komen yo :

  • GET : mande yon resous (chaje yon paj, jwenn done)
  • POST : voye done bay sèvè a (ranpli yon fòmilè, konekte)

HTTPS se HTTP ak yon kouch chifman (TLS). Tout sa ki pase ant navigatè ou ak sèvè a chifre — pèsonn pa ka li done ou yo nan wout, menm si yon moun entèsepte trafik la.

Kijan pou konnen si ou nan HTTPS ?

Kadna ki nan ba adrès navigatè ou a montre ke koneksyon an an HTTPS. San li, done ou yo (modpas, enfòmasyon pèsonèl) vwayaje an klè sou rezo a. Pa janm antre yon modpas sou yon sit ki an HTTP.

06 Kisa ki yon navigatè ?

Navigatè a (Chrome, Firefox, Safari, Edge) pa entènèt. Se yon pwogram ki fè demann HTTP epi ki affiche rezilta a. Lè sèvè a voye HTML, CSS ak JavaScript ba li, navigatè a entèprete yo epi affiche yon paj ke ou ka li ak klike. Navigatè yo fè anpil lòt bagay tou : yo jere infomasyon, historik ou, modpas ou anrejistre, sètifika sekirite, ekstansyon elatriye ...

07 Konklizyon

Chak fwa ou chaje yon paj wèb, tout chemen sa a repete : adrès IP, koneksyon, demann HTTP, repons, affichaj, an mwens pase yon segonn. Konprann mekanis debaz sa yo pral ba ou yon avantaj lè ou kòmanse bati pwòp aplikasyon wèb ou yo. Nan yon pwochen atik, n ap wè kijan yon sit wèb fonksyone.

Kesyon yo poze souvan

F.A.Q. sou atik sa a

Entènèt se enfrastrikti fizik mondyal la (kab, satelit, woutè). Wèb la se sa nou fè sou li : sit yo, paj yo, aplikasyon yo. Imèl ak apèl WhatsApp itilize entènèt men yo pa fè pati wèb la.

HTTP se pwotokòl debaz la, men done yo pa pwoteje. HTTPS ajoute yon kouch chifman endesfansab lè ou manipile modpas oswa done pèsonèl. Jodi a prèske tout sit serye yo itilize HTTPS.

Pa nesesèman. Anpil sit pataje menm sèvè fizik la sa yo rele ebjèman mityalize. Lòt yo lwe sèvè vityèl (VPS) oswa itilize sèvis cloud tankou AWS oswa Google Cloud.

Non. Ou ka kreye yon sit san ou pa konnen tout sa. Men konprann baz sa yo pral fè ou yon pi bon devlopè ou pral konnen poukisa bagay yo mache oswa pa mache, epi ou pral pi alèz tou !

Pwochen atik

abstract4
No.03 WEB

Mwen vle fè enfòmatik, men kijan pou mwen kòmanse ?

Ou vle aprann enfòmatik men ou pa konnen kijan pou'w kòmanse ? Nan atik sa a n ap ba ou konsèy konkrè, resous gratis aksesib depi nenpòt kote, epi sitou : prèv ke sa ki pi difisil lan lew kòmanse !

● Debitan 15 min