Ou gen anvi aprann enfòmatik. Petèt ou te wè yon moun k ap kode epi sa te enterese'w, petèt ou vle kreye yon bagay, oswa senpleman konprann kijan bagay yo fonktyone. Men kou ou kòmanse chèche, ou nwaye nan enfòmasyon.
Ki lang pou kòmanse ? Èske fò ou peye ? Èske fò ou gen yon bon òdinatè ? Èske ou "fèt pou sa" ? Tout moun te pase nan menm pwen sa a. Tout moun ka aprann enfòmatik. Pa nan yon jou, pa nan yon mwa : ou ka aprann. Epi bon nouvèl la : ou pa bezwen lajan, ni yon òdinatè pwisan, ni yon diplòm pou kòmanse. Ou bezwen kiyozite ak regilarite. Sa sèlman.
01 Pa gen afè de "don natirèl"
Bagay "don natirèl" se manti ! Tout bon devlopè nan mond lan gen yon pwen komen : yo te kòmanse san yo pa konnen anyen. Sa ki fè diferans la se pa entèlijans, se regilarite. 30 minit pa jou pandan 6 mwa enfiniman plis pase yon wikenn entansif pa mwa. Enfòmatik se tankou yon lang : plis ou pratike li, plis li vin natirèl. Premye mwa yo se pi difisil yo, apre sa tout bagay akselere.
Pa konpare pwogresyon ou ak sa lòt moun yo. Chak moun avanse nan pwòp vitès pa yo. Sa ki enpòtan se avanse, pa avanse vit.
02 Ki langaj pou'w kòmanse aprann?
Se kesyon tout moun poze, epi ki paralize anpil moun kap komanse. Verite a : langaj lan pa enpòtan lè wap komanse. Sa ki enpòtan se aprann panse tankou yon devlopè : konprann "variables, boucles, conditions, fonctions". Konsèp sa yo egziste nan tout langaj yo. Sepandan, si fò ou chwazi youn : chwazi Python. Sentaks la senp ak lizib, prèske tankou angle. Li itilize toupatou : devlopman wèb, syans done, entèlijans atifisyèl, otomatizasyon, cybersecurite. Kominote a immans, resous yo gratis e yo anpil. Epi sitou : li aksesib menm sou yon òdinatè modès.
Chwazi youn, metrize baz yo, epi pase nan pwochen an lè ou santi ou alèz.
03 Pi bon resous yo gratis
Ou pa bezwen peye pou aprann. Men resous ki pwouve efikasite yo, aksesib depi nenpòt kote ak yon koneksyon entènèt.
Pou nenpòt konsèp ou anvi konprann, gen yon videyo ki eksplike li an 10 minit. Chèche toujou an angle AK an franse : ou pral gen plis chwa. Grafikart se yon fransè de trè bon kalite sou pwogramasyon an jeneral. Traversy Media se yon chèn anglofòn ak titoriyèl klè pou tout nivo.
Pou pratike : Codecademy.com pèmèt ou aprann kode, dirèkteman nan navigatè a, san ou pa enstale anyen. Exercism.io ofri egzèsis pratik ak fidbak de mentò benevòl, antièman gratis.
20% teyori, 80% pratik. Gade kou san ou pa janm kode pap fè ou pwogrese. Fò ou mete men nan travay la.
04 Epi si mwen pa gen yon bon òdinatè ?
Sa pa yon obstak osi gran ke sa'w panse a. Pou aprann baz pwogramasyon, ou pa bezwen prèske anyen. Replit.com se yon anviwonman devlopman konplè dirèkteman nan navigatè a : gratis, san enstale anyen, mache sou nenpòt òdinatè.
Eskiz òdinatè a pa valid ankò. Si ou gen yon koneksyon entènèt, menm limite, ou ka kòmanse aprann.
05 Pyèj "tutorial hell"
Pi gwo danje pou yon otodidak : gade titoriyèl san kanpe pandan ou pa janm pratike. Yo rele sa "tutorial hell". Ou gade, ou konprann sou moman an, men ou pa kenbe anyen nan tèt ou paske ou pa janm konstwi yon bagay ou menm. Solisyon an : kou ou konnen baz yon lang, fè yon pwojè. Nenpòt kisa: yon kalkilatris, yon jwèt devine, yon konvètisè monnen. Sa ou konstwi ou menm, ou pa janm bliye li. Pa tann ou "konprann tout bagay" anvan ou fè yon pwojè. Se pwojè a kap fèw. Ou pral aprann enfiniman plis an eseye konstwi yon bagay pase an gade 50 è kou.
06 Kominote a, zam sekrè'w
Aprann pou kont ou difisil. Kominote a chanje tout bagay. Stack Overflow (stackoverflow.com) se bib devlopè yo. Prèske chak pwoblèm ou pral rankontre deja rezoud : chèche an angle pou gen plis rezilta. Discord se kote prèske tout kominote devlopè yo reyini : se la ou pral poze kesyon ou yo epi jwenn èd an tan reyèl. GitHub (github.com) pa jis la pou afiche kòd : kòd lòt moun se youn nan pi bon fason pou aprann, epi li gratis. Reddit (r/learnprogramming) se yon kominote amikal dedye a debutè nan pwogramasyon.
Chak devlopè, menm sa ki pi fò yo, chèche sou Google chak jou. Sa pa yon fèblès : se metye a.
07 Sa ki pi difisil la se kòmanse
Nou souvan remèt a demen paske nou ap tann bon moman an, bon resous la, bon òdinatè a, bon motivasyon an. Moman sa a pa janm rive pou kont li. Sèl vrè obstak la : pa kòmanse. Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen konprann tout bagay. Ou jis bezwen louvri OpenClassrooms jodi a epi fè premye leson an. Se tou. Rès la vini apre.
08 Konklizyon
Tout mon ka aprann enfòmatik. Pa nan yon jou : men ak regilarite ak kiyozite, nenpòt moun ka rive. Resous gratis yo egziste, zouti pou kode san ou pa enstale anyen egziste, kominote a egziste. Sa ki manke se ou !
Kesyon yo poze souvan