TiKod TiKod
Akèy Atik Glosè Kontak
🇭🇹 HT 🇫🇷 FR

Pwen antre · enfòmatik an kreyòl

Aprann enfòmatik
fasilman, an kreyòl.

Atik teknik pou etidyan ayisyen oubyen tout moun ki enterese nan enfòmatik, disponib en kreyol et fransè.

Eksplore atik yo →

Atik moman an

No.03 · Devlopman web

Mwen vle fè enfòmatik, men kijan pou mwen kòmanse ?

Ou vle aprann enfòmatik men ou pa konnen kijan pou'w kòmanse ? Nan atik sa a n ap ba ou konsèy konkrè, resous gratis aksesib depi nenpòt kote, epi sitou : prèv ke sa ki pi difisil lan lew kòmanse !

● Debitan 15 min
abstract4

Dènye atik yo

Wè tout →

Dekouvri pa nivo

Ki nivo ou ye?

Pa kategori

Kesyon yo poze souvan

Kesyon yo poze souvan

TiKod fèt pou tout etidyan ayisyen ki kirye sou enfòmatik, kit yo kòmanse nèt oswa yo gen deja kèk baz. Atik yo klase pa nivo, debitan, entèmedyè, avanse, pou chak moun jwenn kontni ki adapte pou yo.

Wi, konplètman epi pou toujou. TiKod pa gen piblisite, pa gen abònman, pa gen kontni peyan kache. Objektif la se rann aprantisaj enfòmatik aksesib pou tout moun, san baryè finansye.

Paske konprann yon konsèp nan lang manman ou chanje tout bagay. Anpil resous teknik egziste sèlman an angle oswa an franse, sa ka kreye yon baryè anplis pou etidyan ki deja gen difikilte ak lang sa yo. Kreyòl se premye lang pifò ayisyen, epi li merite gen plas li nan aprantisaj teknik.

Wi, ak plezi. Ou ka ekri nou atravè paj Kontak la pou pwopoze yon sijè, siyale yon erè, oswa senpleman bay opinyon ou. TiKod se yon pwojè ki evolye ak kominote li.